

Ekip Slavia Praha pral resevwa FC Bacelone nan lig chanpyon an lakay Slavia Praha nan Fortuna Arena a.
Bò kote Slavia Praha gen plizyè jwè ki ap travèse yon peryòd difisil nan nivo yo afiche sou teren.
Bò kote Barcelone, menm si dènye Match yo a se te yon defèt, men ekip Flick la vini sou yon bon dinamik, anpil konfyans, e yo vle anpile pwen pou gen chans fè Top 8 la.
KI PREMYE SENASIO POU MATCH LA?
Aprè abit lan sifle pou match la komanse, Barcelone ta dwe pran kontwòl balon an.
mete an plas presyon wo a, epi kòmanse fè balon an sikile avèk flwidite, avek pedri d jong
Ekip Slavia konnen ke Barcelone pi fò pasel pral oblije jwe an blòk ba. yo pral regwoupe yo nan 30 mèt yo a, epi eseye atake espas barcelone pral kite nan do defans lan
premye gòl ta sipoze vini avan 30 minit an match lan gras ak yonn nan endividyalite barcelone yo.
aprè gòl sa ti mesye Slavia yo pral oblije soti sa ki pal bay barclelone plis espas poul explwate
PWOBABILITE REZILTA MATCH LA

konparezon statisktik ant 2 ekip yo


Ekip Barcelone lan ta dwe make pou pi piti 3 gòl, gen posibilite pou Slavia li menm tou make gòl Pwobabilite pou Slavia make se 40%
Mw panse Match football sa ap fini 3 gòl a 1 an favè Barcelone
